18/05/2026
🇭🇹✨ Vizit Ekplorasyon nan STARFISH, Grande Plaine ✨🇭🇹
Nan kad selebrasyon Fèt Drapo ayisyen an, nou te gen gwo plezi òganize yon vizit ekplorasyon espesyal nan espas STARFISH ki nan Grande Plaine. Aktivite sa a te rasanble plizyè timoun ki gen laj 3 rive 14 an, nan yon anbyans kè kontan, aprantisaj, ak fyète nasyonal 🎉🇭🇹.
Sa ki te fè jounen an plis espesyal se fason nou te kòmanse avanti sa:
🚶♂️ Nou te sòti a pye depi espas CDEJ Ha0267 Palma la pou rive Grande Plaine, yon bèl eksperyans kote timoun yo te santi yo tankou vrè eksplore pandan yo t ap dekouvri chemen an ansanm.
Lè nou rive, aktivite yo te vrèman rich ak varye:
📚 Nou te pataje ak timoun yo istwa drapo ayisyen an, orijin li, ak sakrifis zansèt nou yo.
🧠 Nou te ede yo konprann siyifikasyon koulè ble ak wouj yo, kòm senbòl inite ak fòs pèp ayisyen an.
❤️ Nou te ankouraje yo devlope lanmou pou peyi yo ak respè pou valè nasyonal yo.
Men se pa sèlman teyori ki te genyen 👇
🎯 Te gen anpil jwèt ak aktivite lwazi tankou:
- Sote kòd 🪢
- Tir ak kòd (tirakòd) 💪
- Lòt ti aktivite ki te fè yo ri, jwe, epi kolabore ansanm
🌿 Timoun yo te gen tou chans fè yon vizit nan jaden STARFISH la, kote yo te obsève ak dekouvri diferan sa ki plante ak sa k ap fèt nan espas la. Se te yon moman bèl dekouvèt ki ankouraje kiryozite yo ak enterè pou lanati.
Jounen an te make pa:
✨ Anpil souri
✨ Bon patisipasyon
✨ Enèji pozitif ak lespri fratènite
Nou vrèman fyè dèske nou te kapab kreye yon espas konsa kote timoun yo aprann pandan y ap pran plezi, epi kote yo kòmanse bati yon konsyans sitwayen ki solid pou demen 🇭🇹
💙 Mèsi ak timoun yo pou disiplin yo, kè kontan yo ak bèl patisipasyon yo, mesi ak chak paran kite dakò bay posibilite ak timoun yo fè bèl eksperyans sa ak nou.
Ann kontinye plante nan kè timoun yo lanmou pou Ayiti, paske se yo ki lavni peyi a 🇭🇹
Drapo nou se fyète nou — ann kenbe li byen wo! 🇭🇹
Clusters Haut et Bas La Gonâve
Compassion International
Mcgarry Rousseau