Ayiti ka bon

Ayiti ka bon Ayiti ka bon : se mwen , se ou , se nou ki ka fèl bon Ann mete men ansanm pou Ayiti bon

22/01/2026
22/01/2026

Ayiti ka bon

26/11/2025

⭕️ENFO | Nan yon alèt yo pibliye sou sit entènèt yo, mèkredi 26 novanm 2025 lan, USCIS fè konnen depatman sekirite enteryè (DHS) soti yon avi nan jounal ofisyèl peyi a « Federal Register », pou di yo koupe estati pwoteksyon tanporè pou Ayisyen yo.🇭🇹« Aprè konsiltasyon avèk patnè yo, sekretè DHS la Kristi Noem fè konklizyon ke Ayiti pa reponn ak egzijans legal pou l gen TPS ankò », se sa sèvis imigrasyon di nan alèt yo pibliye a. Otorite amerikèn yo fè konnen, « analiz yo montre, si yo pèmèt sitwayen Ayisyen yo rete tanporèman Ozetazini,🇺🇸 li pap konpatib ak enterè nasyonal ameriken ». USCIS raple mezi yo pran pou TPS pou Ayiti a ap rantre an aplikasyon 3 fevriye 2026, e mande benefisyè yo pou kite teritwa a. « Si ou se yon etranje ki soti Ayiti, e ki aktyèlman se TPS ou genyen, ou dwe prepare w pou w ale, si toutfwa ou pa gen yon lòt baz legal pou rete Etazini », se avètisman USCIS bay. Sèvis imigrasyon envite Ayisyen ki konsène yo pou itilize App CBP-Home nan pou depòte tèt yo, epi benefisye💰$1,000 gouvènman an ap bay la pou yo kite peyi a, avèk posiblite yo ka tounen legalman aprè | LSV

Nou bon
19/11/2025

Nou bon

19/11/2025

18 Nov 2025
Konsèy prezidan an ak 1er Ministre lan tal depoze jèb flè MUPANAH

Nap bon
18/11/2025

Nap bon

Tik tak, tik tak, chak segond ki sekwe kò l anndan mont nou, se yon ti souf anplis, pou n rive nan moman sa a nou tout ap tann nan.

Nou rete yon pas dlo pou n janbe, yon sèl. Dlo a poze, men l pap dòmi, gen wòch nan dlo a pou n mete pye n, men gen kote li fon. Nou retwouse pye kanson nou, men nou gen chay sou tèt nou, pitit sou zepòl nou, nou kenbe men madanm, nou kenbe men manman, e n ap charye tout rèv nou, tout istwa nou ak tout pwojè nou gen pou demen !

Nou rete yon dènye bourèt sab pou n bote, pou n al bwase mòtye k ap fè n poze dènye grenn blòk pou n fin kanpe miray sa a pou nasyon an ! Nou rete yon dènye flanm dife pou n janbe, yon dènye ti bwa pou n kase nan zòrèy lanati, pou n jwenn pasaj, nan koridò mond lan, pou n al defile sou tapi wouj mondyal la ak tout grenadye nou yo. Chapo pay nan tèt, djakout nan do ak chemiz karabela sou yo !

Jou batay la preske rive ! Jou goumen an pa lwen rive ! Enèji, lanmou, tèt kole, pou ansanm, nou leve defi a paske liv istwa sa a dwe gen non nou tout sou li kòm otè !

Grenadye, Alaso !!!!

Adresse

Cap Haïtien
Cap-Haïtien

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti ka bon publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager