Shelor-Promo

Shelor-Promo Promotion des produits

27/07/2024
15/04/2023
03/09/2022

Eskew te konnen MIKHAÏL KOUTOUZOV se te jeneral an chèf lame Russie ki te pran 2 bal nan tèt diran envazyon lame Napoleon Bonaparte la ki Pa mouri jis li arive stope e repouse lame Napoleon Bonaparte la ???

A 29 lane Moutouzov te pran premye bal la nan tèt, bal la antre nan tanp dwat li sòti nan tanp goch, li frape fronl men li pa detwi okenn nèf optik, men ki te andomaje zye dwat li, doktè te operel aprè 6 semèn li vin nòmal.

Dezyèm bal la li pranl a laj 43 lane, nan machwa goch li sòti nan Pati enferyè kran li sanl pa touche sèvol. Li kontinye ap bay lòd sou chan batay la avanl endispoze, doktèl re operel el fè konnen Moutouzov te dwe mouri deja pou jan bal la pase a.

Nan lane 1812 Moutouzov dirije lame russe la nan batay e lame Napoleon an tap konbat an retrè.

A 60 lane jeneral Moutouzov pèdi yon zye, li fini pa mouri a 68 lane.

Gade imaj la byen epi vin dim kisa nou panse.

01/09/2022
01/09/2022

Depiw wè yon moun fè maladi opresyon lap touse anpil nenl ap fè dlo. Fòw veyel de prè li pwobab li pral deklannche yon kriz , pataje tèks sa pou sove vi paske son maladi ki konn bay fil mòl ou ka pansew geri pil touye w san atann ,pataje pou ede plis moun jwenn konesans sou maladi sila anpil moun pa konnen danje poutanl konn touye moun,se li ki te tiye G Bobby Bon Flow

Anpil moun konn panse maladi opresyon yo an geri jiskaske yo fè yon kriz pi devan e menm genyen ki mouri paske yo pat gen ponp. Ban mwen eksplike nou sak pase . Pa kenbe konesans sa pou kò w, fò n konnen maladi opresyon pa konn geri ,men tout sa dwe konnen sou maladi sa :

Yon ti konesans anplis ka sove anpil vi. Pataje pou plis moun atenn e sila ki nan bezwen,ou ka pa genyen men w ka sove yon moun ki genyen oubyen ki gen yon ka nan antouraj li.

Jodi a m pral pale nou de yon maladi anpil moun nan sosyete an soufri l oubyen gen pitit nou ki viktim de li Nou souvan pa konn danje l e selon jan kriz lan ye li ka touye moun nan si anyen pa fèt. Meyè fason pou kontwole maladi sa se edikasyon sosyete an janm ap fè

Nou pral pale nou de maladi opresyon , se pa yon jwèt se premye koz ki souvan fè timoun absan nan jou lekòl anpil fwa nou te konn ap mande pou yon kamarad nou ki pa vin lekòl se yon opresyon kap fatigel , li konn fè timoun echwe lekòl , e lè yo gran li konn tounen yon andikap pwofesyonèl pou yo, pou anpil fwa ou pral absan nan travay ou a koz de kriz opresyon ou viktim alavèy

son maladi pou toujou ap veye de prè, anpil fwa se nan nwit kriz yo deklennche selon gravite an moun nan ka mouri si yo pa kouri al lopital rapid avèl

Opresyon an manifeste pa yon jèn moun nan genyen pou respire , sa ki koze sa se bwonch pou lè pase al nan poumon yo ki bouche se sak fè lè moun viktim de li li santil ap toufe,se yon reyaksyon britsoukou ki fèt pi bwonch yo konble moun nan santil ap toufe

Kisak ka deklennche reyaksyon an nan ka opresyon?

Se ka yon sibstans ki provoke yon reyaksyon alèji lakay moun nan sa ki pi souvan deklennche kriz la se :
-pousyè lakay moun nan
- moun nan ka alèji avèk bèt tankou chen chat
- yon sibstans nan lanati tankou pollen

-oubyen tou yon manje moun nan alèji li te ka pa konn podjab pi kriz la deklechannche

-moun nan ka trape yon enfeksyon nan vwa pou respire an , lakay nourison yo se viris ki souvan koze sa

- tabak swa se moun nan ki fimen oubyen yon moun nan antouraj li kap fimen souvan lakay timoun yo son moun nan kay la ki fimen

-lè sèk a lèl fè frèt son move peryòd pou moun ki fè opresyon e sak fè an ivè yo nou konn jwenn anpil ka kriz opresyon, se sak fè granmoun yo pa kite timoun ki fè opresyon benyen nan lapli ni pran seren

-si moun nan ki fè opresyon an fè gwo efò ki twòp pou li ,kriz la souvan deklennche aprè 5 a 10 minit aprè efò an tankou pratike spò ki mande efò entans, sa konn rive tou pandan moun nan ap fè sèks tèlmanl fè efò kriz la deklannche

-kèw ka kontan ou fè yon sèl kout ri saw tande an kriz la deklennche ou koupe an ri an paske w santiw ap toufe

Kisa moun kap sibi kriz la ka santi oubyen kisa ou menm lèw wèl ou ka remake?
Sentom opresyon yo epizodik yo disparèt britsoukou si tout bagay rezoud oubyen aprè yon medikaman yo ba moun nan

-Moun nan ap gen yon tous , ki pi entans nan nwit se sak fèm di nou moun sa yo dwe sou siveyans

-sa ki pral atire atansyon w se lèw wè moun nan paka respire byen

-ou konn rete ou wè pandan moun nan ap fè efò poul respire an piw tande yon ti bri egi a chak tan , sa montre ke espas pou lè pase nan bwonch yo redwi pi lè ap pase nan ti espas sa ,se sa ki pwodwi bri sa

-moun nan ka santi yon bagay ap peze pwatrin li

Lakay nourison an
-Ou santil gen yon jèn pou respire,zèl nenl ap bat, kòt li ap griyen aprè chak èfo sa montrew lap redi
- lap touse

Janm te di an anpil fwa se nan nwit moun nan viktim lakay timoun yo ou konn vin jwenn yo sou kabann nan:
- yo chita
-yo ajite
-yap eseye fè efò pou yo respire
-pwatrin yo distann,

siw wè yon moun ki soufri opresyon kriz la pranl ou wè paka pale sa vrèman! vrèman grav! sa diw kel pap respire e siw rete ap gade li ka mouri si kriz la pèsiste

Gen ka pa ekszanp de moun ki konn fè yon kriz opresyon depi lè yo timoun pi yo remake yo pa janm gen opresyon ankò ,yo konn panse yo geri ,yo pa janm gen ponp , jiskaske yon lè maladi an tounen.e yo konn menm grav ki konn koze lanmò yo

Banm montre nou kijan pou evalye gravite opresyon

Kriz la lejè si:
Se pandan moun nan ap mache oubyen kouche li paka respire byen an
-li ka pale
-souf li kout

Kriz la modere si:
-si se pandan moun nan ap pale li paka respire byen ,li prefere chita
-lap pale menw wèl ajite
-souf li kout

Kriz la sevè si:
-si se moun nan byen pozel pil paka respire byen , li prefere ret panche kòl devan
-se mo lap teke pou pale anplis de sa ou wèl ajite
-souf li kout

Siw wè yon moun fè kriz ou wèl :
-paka pale
-li paka touse
- li paka estène
- li nan konfisyon
- li delala
-menm sil kouche li paka respire
-li ajite
-lap swe
-ekstremite dwèt li chanje koulè

Sa vle di sa vrèman grav ,respirasyonl bloke si anyen pa fèt kriz la ap pwolonje moun sa ap dirijel dwat fè lanmò

Men kèk konsèy mwen gen nou:
-si sa konn rivew sibitman ou paka respire byen fòw panse al kay doktè

-siw fè opresyon evite ekspoze w a nan anviwonnman kap bese tanperati kòw, siw nan peyi frèt aranjew pou pa kite tanperati kòw ap bese

-evite fimen e pa kite moun nan antouraj nou fimen kotew...

-siw alèji a yon bagay evite ekspozew avèl

-evite fè twòp efò kap depasew, ni gwo kout ri

-ponp lan pèmèt bwonch yo dilate byen rapid si tout fwa kriz la ta deklannche men fòw mande eksplikasyon sou li, chak gen mòd danplwa yo mande enfòmasyon sou li kotew ap achtel la

gen lòt metòd ki trè efikas pou w kontwole maladi an doktèw ap yo , pa neglije toujou swiv medsen yon moun ki soufri opresyon dwe gen pwòp medsenl

Depiw fè maladi opresyon ou fèl avi pa neglije ponp ou

Pa bliye nan kontwole opresyon sa mande pou fè edisyon malad yo janm ap fè a la , donk pataje tèks la a lòt moun

Like & pataje
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

siw konm paka respire byen ,oubyenw we ti souf ou anlè,siw ta renmen konsilte yon Dr ekri Dr Gandhi Gedner, avan sa pi mal ,relel nan
+509 42 33 8125
siw gen whatsapp klike sou lyen sa:
https://wa.me/+50942338125

31/08/2022
30/08/2022

😳𝟒𝟎 𝐑𝐀𝐈𝐒𝐎𝐍𝐒 É𝐓𝐎𝐍𝐍𝐀𝐍𝐓𝐄𝐒 𝐃𝐄 𝐋𝐈𝐑𝐄 𝐃𝐄𝐒 𝐋𝐈𝐕𝐑𝐄𝐒

1. Les livres vous aident à avoir plus confiance en vous.

2. Les livres vous aident à voyager autour du monde de la manière la moins chère.

3. Les livres développent votre personnalité.

4. Les livres donnent matière à réflexion.

5. Les livres font rire et réfléchir.

6. Les livres vous attirent vers la perfection.

7. Les livres stimulent la créativité.

8. Les livres font ressortir le talent d'écriture.

9. Les livres vous aident à communiquer.

10. Les livres clarifient votre vision.

11. Les livres satisfont votre curiosité.

12. Les livres t'aident à faire de meilleurs choix.

13. Les livres t'aident à développer un talent littéraire.

14. Les livres ne nécessitent pas de dispositif spécial pour enseigner.

15. Les livres augmentent votre capacité d'attention.

16. Les livres sont un passe-temps fructueux.

17. Les livres peuvent être utilisés n'importe quand et n'importe où.

18. Les livres fournissent un divertissement, quand les autres échouent.

19. Les livres vous rendent puissant.

20. Les livres t'aident à connaître le "pourquoi" et le "comment" de chaque chose.

21. Les livres t'aident à créer et à répandre le plaisir.

22. Les livres t'aident à voyager intelligemment dans le temps.

23. Les livres vous tiennent au courant des faits et des chiffres.

24. Les livres répandent l'amour, l'affection et la connaissance.

25. Les livres sont les meilleurs amis du monde.

26. Les livres vous emmènent dans un environnement intellectuel.

27. Les livres vous aident à ressentir le monde qui vous entoure.

28. Les livres divertissent votre esprit.

29. Les livres élargissent votre horizon.

30. Les livres amènent la nature à votre porte.

31. Les livres provoquent un "changement de personnalité".

32. Les livres améliorent la compréhension.

33. Les livres n'ont pas besoin de compagnie.

34. Les livres réduisent le stress.

35. Les livres développent un sentiment d'appartenance aux personnes qui vous entourent.

36. Les livres procurent une détente mentale et physique.

37. Les livres servent d'outil de communication.

38. Les livres sont une activité intellectuellement satisfaisante.

39. Les livres procurent une expérience spirituelle.

40. Les livres procurent une force émotionnelle.

29/08/2022

Vin li ansanm 8 erè anpil ayisyen renmen fè lè yal vizite yon fi ki fenk akouche ki ka afekte ni manman ni bebe an, pa kenbe konesans sa pou kòw pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans

Akouche yon ti bebe, apre yon pran fè nèf mwa ap tann, se yon moman trè espesyal pa sèlman pou paran timoun nan. Fanmi, zanmi, kòlèg travay ak menm vwazen yo souvan enterese nan konnen timoun nan, epi rapidman yo komanse ap diskite sou lè vizit yo.

-Malgre swen ak afeksyon, kèk vizitè envolontèman fè sètèn erè ki ka fè ni manman ni tibebe mal

APRANN KISA POU EVITE LÈ W AL RANN YON VIZIT APRE AKOUCHMAN.

1-VIZIT LA DWE TOUJOU FÈT A ORÈ.

Konsèy sa a vin menm pi enpòtan pandan peryòd aprè akouchman yon fanm. Mache nan kay yon moun ki fèk fè yon timoun entèfere ak tout fonksyonman kay la. Li ka menm entèwonp rèpo manman ak ti bebe pa bliye ke lè yon fi fin akouche aprè yo long peryod Gwosès ,li bezwen repo epi ti bebe a tou bezwen repo paske li plis domi nan premye mwa li fèt lan.

2-INYORE MANMAN TI BEBE A.

Sa rive souvan lakay nou an ayiti lè fi an akouche lè moun yo vinn vizite yo plis rete sou ti bebe a yo pa telman wè manman an ,Sa a tou pa apwopriye. Fi yo anjeneral pi frajil ak sansib apre yo fin akouche. Li ka tris e li pral santil nwi paskel pa jwenn swen ak atansyon.

Se konsa, pou sa pa rive, ou ka gen yon ti detay pou nouvo manman an, li enpotan anpil lè w pral vizite pouw pote o yon ti kado ,siw kapab

3-PA PRAN TI BEBE AN SAN PÈMISYON

Sa rive souvan nan peyi nou ,moun nan anik parèt li tou pran tibb a san mande paran yo.

Nou konnen ke tout moun anvi kenbe tibebe ki fèk fèt la, men anvan ou fè sa, ou dwe mande paran yo pèmisyon. Asire w ke yo fini manje oswa yo sou chanje kouchèt yo, kidonk, ou pa entèwonp woutin yo.

4-IJYÈNN

Si nou pa lave men nou byen avèk savon ak dlo oswa jèl antiseptik, lè ou ale pran ti bebe ki fèk fèt la, se yon lòt erè ki ka fè sante ti bebe a mal ,pa bliye ti bebe ki fèk fèt lan frajil nenpòt mikwòb ,ou gen nan menw ka potel ba li, se poutèt sa nou menm paran yo asire nou ke nou gen dlo al savon yon kote pou nou fè vizitè yo lave men y o byen anvan yo manje nouvo ne a .

5-PA MENNEN TIMOUN PITI AL WÈ YON MOUN KI FENK AKOUCHE

Si l posib, pa mennen timoun ki piti anpil lakay nouvo paran yo. Timoun yo ka vin fè jalouzi, fè anpil bri, epi ensiste pou kenbe ti bebe a, ki ka gen anpil risk san sipèvizyon granmoun.timoun nan ka tire kou sou tibebe ki fèk fèt lan jis pa jalouzi.

6-LÈ POUW AL LAKAY OU

Yon lòt erè ki fèt souvan epi ki dezagreyab se rete nan kay la twò lontan. Vizit aprè akouchman yo ta dwe kout. Ase pou konnen ti bebe a, san li pa deranje lè pou ti bebe a tete ak lè pou li dòmi.anpil moun fè erè sa yo konn panse se ede yap ede yo fè jounen nan kay lan ,mw pa diw pa dwe fèl ou ka fèl si paran yo mandew pou fè sa si se vizit wal rann se yon titan tout kout epiw ale pa bliye gen anpil moun kap vini.

7-ASIREW PA GEN OKENN MALADI KONTAJYEZ

Anvan ou vizite ti bebe ki fenk fèt , asire w ke ou an sante. Si ou gen yon rim oswa si ou sispèk ke ou gen yon maladi kontajye, vizite tibebe ki fèk fèt la ka riske.ew ka met vil an danje

8-KENBE KONSÈY OU YO POU OU

Anfen, eseye pa bay nouvo paran ou twòp konsèy. Malgre ou ka vle fèl nan bon entansyon, bay anpil endikasyon sou ki jan manman an ta dwe kenbe ti bebe a oswa lè yo bay tete ka byen alèz nan moman espesyal sa a ka mete manman an mal alèz ka fèl santil poko prè, tou ka fèl santi li ka fè ti bebe a mal evite bay twòp konsèy.

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans idantifye yon moun li avèw

Dr Jean David Laurangilles 👨🏿‍⚕️⚕️

Pataje Tèks lan/Like PAGE lan epi ABONÉ a paj Dr Laurangilles la klike sou lien sa

https://www.facebook.com/Dr-Jean-David-Laurangilles-officiel-109277947243455/

28/08/2022

Ces quelques exercices ne te prendront que trois minutes par jour et te permettront d’affiner tes jambes rapidement Comme le disent les coachs sportifs, le plus important dans l’entraînement, c’est la régularité ! Mais soyons honnêtes, faire du sport tous les jours n’est pas si simple, e...

24/08/2022
23/08/2022

Vin li sou koze fi ki mouye Twòp lè yap fè Sèks, sijè sa toujou ap fè pawòl anpil deyò an, gen fi ki konn remake depi yo nik manyen yo kilòt li mouye, yo menm akize a tò medam yo ,gen gason ki di vajen fi an lach, jodya an vin dekouvri verite ,pa neglije pataje tèks sa pou mesye yo ka lil paske anpil fwa yo konn akize a tò medam yo sou dosye sa

Sekresyon Vajinal se yon fenomèn natirèl ki rive lakay fi, gen 2 tip an jeneral, gen sekresyon ki sèvi pou netwaye vajen an, sekresyon sa pèmèt evakye selil ki mouri yo ak lòt jèm mikwòb ke vajen an pa bezwen (nap raple ou ke vajen an netwaye tèt li pou kò li, dayè se pa anndan li ye).

Gen lòt sekresyon ki fèt pandan fi a ap fè sèks oubyen ap karese pou librifye vajen an ,se de li nou pral pale nan tèks jodi a. Sekresyon sa rann posib gras ak sa yo rele Glann Batolen ki sitiye de chak kote 2 tifèy ki nan antre vajen fi a. Pwodwi li bay la rele Siprinn, se òmonn yo ki pèmèt li deklannche pandan faz eksitasyon seksyèl la, li prepare kanal vajinal la pou penetrasyon pou ka fasilite ale-vini pandan sèks la

li konpoze de dlo ak lòt ti flwid natirèl, transparan, li gen preske menm aparans ak likid pre seminal gason an bay la, sa nou rele swente a. Pwodwi sekresyon sa gen yon odè karakteristik pou chak fi, paske li ap melanje ak lòt ti sekresyon anndan vajen fi a.

Men gen fi ki sekrete twòp e sa konn rann yo jennen, kisa ki lakoz sa?
Se yon derègleman òmonal ki lakoz sa, dèfwa se yon pwoblèm nan Tiwoyid, oubyen fi ki gen yon kantite Estwojèn ak Pwolaktin ki wo. Lè konsa vajen an fi a mouye anpil, sa konn rann li jennen e sa redwi nan sansasyon an pafwa paske fwotman an manke fèt, gen fi ki konn menm tande bri ke ale-vini an fè akoz vajen li mouye twòp.

E malerezman gen fi ki soufri envès la ki se vajen twò sèk, pa gen sekresyon, sa pi bay pwoblèm paske li rann rapò seksyèl la boule, fwotman yo fè fi a mal, sansasyon an redwi, nan ka sa konn se yon blokaj sichik nan sèvo moun nan, yon pwoblèm nan Tiwoyid tou, ak diminisyon òmonn yo fwa sa.

Nan tou 2 ka sa yo, fi a dwe konsilte doktè pou konn koz egzak la.

Nan ka fi ki sekrete twòp ou ka siye vajen ou ak yon moso twal pwòp oubyen ti sèvyèt tanzantan pandan rapò seksyèl la.

E pou fi ki gen vajen sèk anpil, ou ka itilize Librifyan pou ede fwotman yo pi byen e redwi nan doulè a.

Sonje toujou ale konsilte, pwoblèm nan ka pi grav e sèks la ou dwe alèz ladan li.

Like a Pataje tèks la lè ou fin li pou ede lòt moun jwenn konesans pou yo sispann akize a tò medam yo

Mèsi

Men lyen paj la! Abone pou pa rate pyès tèks nou

Exama Jean Rodrigue Junior

Adresse

Diquini 63 , Route De Saint Roch Prolongé
Carrefour
SHELOR1995

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Shelor-Promo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Shelor-Promo:

Partager