28/08/2026
Kòd Sivil Ayisyen an di lè w ap plante yon pye bwa asire ke w kite yon distans 6 pye oswa 182,88 santimèt parapò ak pwopriyete vwazen w lan, nan ka kontrè (si w pa respekte distans lan) vwazen w lan ka mande pou w rache pye bwa sa menm si se sou tè w ou plante l.
Si branch pye bwa w la travèse sou pwopriyete vwazen w lan li ka egzije w pou w koupe tout branch ki travèse lakay li yo, men si se rasin pye bwa w la ki travèse lakay li, li ka koupe yo poukont li san pwoblèm.
Tout pye bwa ki twouve l nan mitan lizyè a se pou tou 2 vwazen yo, tou 2 vwazen yo ka jwi pye bwa sa yo san pwoblèm (tankou rekòlte fwi yo, jwi lonbraj pye bwa, pwofite de bèlte pye bwa, elatriye), epi nenpòt nan vwazen yo ka mande pou pye bwa sa koupe menm si l pa jwenn konsantman lòt vwazen an.