05/07/2026
🛑«Katouch la fwape nan fwonm li tonbe atè, pou BONDYE sovem li kite 3 katouch blesem si non b@ndi yo pa ta pwale, katouch sa pase la bò figim, sa se yon katouch bò kou, ou konn sak bel la, lè katouch sa resi blesem li pase li fann bò vizaj mw la, ou konnen gwo katouch gè sa yo, m pa konnen yo sak fwape nan vizaj mw an tout dan nan bouch mw ta dwe rache nèt, men ou wè blesi sa ki pase la menm yon grenn dan nan bouch mw pa atake
Lè yo banm katouch sa mw tonbe yon katouch nan fwon sa se katouch poum te mouri a, paske li te fè yon gwo mak nan fwonm, menm doktè yo paka komprann sa, yo di direksyon katouch sa pran se poul te antre nan tèt mw kotel pase»
Men sa BONDYE ka fè.
Anpil moun pa kwè pastè a poutan si se te yon bòkò nou tap kwèl, èske nou vle diminye BONDYE ?
Oubyen se pastè pastè yo bay twòp fo temwanyaj pou yo ka pase pou vrè sèvitè BONDYE ?
Sèl sa nou konnen anyen pa enposib pou BONDYE.
Jeff Petit Info-divers