19/04/2026
Mwen menm, mwen ta ajoute e mwen kwè fèm ke si tout Ayisyen, kit yo lakay kit yo aletranje, rive mete tèt ansanm pou kreye yon fon komen pou devlopman peyi a, chanjman an pa t ap pran anpil tan pou parèt.
Se vre, eksperyans pase yo fè nou vin gen anpil dout. Jan lajan te konn mal jere, li nòmal si konfyans vin limite. Men sa pa dwe anpeche nou eseye ankò, men fwa sa a, sou yon baz ki pi solid.
Si nou mete sou pye yon sistèm ki klè, transparan, epi byen òganize, kote gen bon kontwòl ak responsablite, yon inisyativ konsa ka reyisi.
Mwen deja devlope yon lide serye nan direksyon sa a, e mwen gen konviksyon li ka pote yon diferans.
Mwen espere byento prezante li pou tout moun ka analize l, bay opinyon yo, epi ansanm, nou jwenn pi bon chemen pou fè peyi a vanse.