La Ferme de Roy-Sec

La Ferme de Roy-Sec Elle produit des tilapia et des écrevisses.

La Ferme de Roy-Sec (FERS) est un projet agro-tourisque dont le but est de décourager l’émigration des jeunes de Roy-Sec (Centre) par la création d'emplois pérennes et stables, économiquement rentables.

12/01/2025

Fatima Altieri and Bmix&Afriken

16/08/2024

Soti nan mwa dawout pou rive nan desanm, si otorite yo pa nan blòf ak nou, yo ta sipoze poze aksyon sa yo:
1. Fè apèl ak tout enstriktè militè retrete ayisyen, oubyen ki gen san ayisyen, an Ayiti ak nan diaspora;
2. Rekrite ak fòme 4000 militè;
3. Mande e jwenn koperasyon kèk peyi di Sid pou mwayen lojistik nan kad fòmasyon sa a;
4. Rekizisyone tout kontenè ki vid sou tèritwa a pou konstwi espas lojman pou solda yo diran fòmasyon an;
5. Nan mwa janvye, lanse yon lòt kowòt 4000;
6. Kreye yon fon solidarite kote Ayisyen ki vle ede rezoud pwoblèm ensekirite a kab kontribye;
Sonje Jovenel Moise te pase 4 an sanl pat jwenn yon dola èd pou devlopman. Nan koze fè peyi se sou grès kochon an pou nou konte.

Maître Rogavil BOISGUÉNÉPrésident de la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux administratifAngle rues de la Réun...
16/02/2024

Maître Rogavil BOISGUÉNÉ
Président de la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux administratif
Angle rues de la Réunion et du Champ de Mars, Port-au-Prince

Port-au-Prince, le 12 février 2024

Monsieur le Président,

La plateforme politique Résistance Démocratique (RED) – composée des partis politiques : Ayisyen pou Ayiti, Action pour un Meilleur Environnement National (AMEN), Parti Socialiste Unifié d’Haïti (PSUH), Les Engagés pour le Développement (EDE); des mouvements sociopolitiques et associatifs : Mouvement Urgence Nationale (MOUN), Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie (RJD), Mouvement des Jeunes de Belladère (MJB), Remanbre Ayiti (RA), Mouvman Popilè Latibonit (MOPOB), Organisation des Cadres du Sud d’Haïti (OCASH), Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Étranger (MOUVHE), Solidarité Non Stop (SNS), Réseau des Engagés pour le Développement D’Haïti (RED’HA) - vous présente ses compliments et a l’honneur d’attirer votre attention sur le fait que l’ancien Premier ministre de facto Ariel Henry est, depuis le 7 février 2024, en situation d’usurpation de titre, de fonction et de qualité. Ce crime est prévu et puni par le Code pénal, notamment en ses articles 217 et 218. En conséquence, la signature de M. Ariel Henry ne peut plus engager l’administration publique.

En effet, la Constitution de la République prévoit en son article 149 qu’en « cas de vacance de la Présidence de la République soit par démission, destitution, décès ou en cas d’incapacité physique ou mentale permanente dûment constatée, le Conseil des Ministres, sous la présidence du Premier Ministre, exerce le Pouvoir Exécutif jusqu’à l’élection d’un autre Président. Dans ce cas, le scrutin pour l’élection du nouveau Président de la République pour le temps qui reste à courir a lieu soixante (60) jours au moins et cent vingt (120) jours au plus après l’ouverture de la vacance, conformément à la Constitution et à la loi électorale ».

Violant délibérément cette disposition constitutionnelle, l’ancien Premier ministre de facto avait trouvé des subterfuges pour rester au pouvoir, en faisant publier dans Le Moniteur (Spécial No 46) un accord dénommé « Accord Politique Pour une Gouvernance Apaisée et Efficace de la Période Intérimaire » le 17
septembre 2021.

Dans cet Accord, dépourvu d’une date d’expiration explicite, l’ancien Premier ministre de facto avait pris 25 engagements, allant de la sécurisation du territoire à la réalisation des élections afin de rétablir l’ordre démocratique. N’ayant rien fait, un an plus t**d tous les indicateurs à améliorer avaient détérioré. Pour pouvoir garder le pouvoir, Ariel Henry a donc fait un nouvel Accord, avec, cette fois-ci, une date d’expiration explicite.

L’accord dit du 21 décembre 2022 a été publié dans Le Moniteur le 3 janvier 2023 (Spécial No 1). Il est stipulé à l’article 20 : « Considérant les défis auxquels le pays est confronté en termes de sécurité publique, de conditions sociales et humanitaires, de réforme constitutionnelle, de renforcement de l’État de droit, de réforme économique et de création de conditions pour des élections libres et équitables, et surtout la nécessité de s’assurer que les réformes et les progrès se traduisent par un changement stable à long terme pour les citoyens Haïtiens, les signataires du présent consensus conviennent que la période de transition, englobera les nouvelles élections générales qui se tiendront en 2023 et l’entrée en fonction d’un Gouvernement nouvellement élu le 7 février 2024. » Cette date marque indubitablement la fin du mandat exceptionnel que l’ancien Premier ministre de facto s’était octroyé. Aucun autre accord n’a été trouvé et
signé.

Monsieur le Président, il est du devoir de chacun de s’assurer, dans les limites de ses attributions constitutionnelles, que la nature républicaine et démocratique de l’État soit préservée. En attendant que les institutions légitimes et les forces vives de la Nation appliquent une solution concertée, permettant le fonctionnement régulier des institutions politiques, la RED demande à la Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif de s’abstenir de donner suite à tout acte posé par l’ancien Premier ministre de facto Ariel Henry tendant à engager l’État sur le plan financier et/ou administratif.

Confiante que la Cour saura jouer son rôle de contrôle en refusant de contribuer à l’institution d’un pouvoir dictatorial en Haïti, la Résistance Démocratique (RED) vous renouvelle, Monsieur le Président, ses salutations patriotiques.

Pour la Résistance Démocratique (RED)
Rénald Lubérice

Cc : Ministère de l’Économie et des Finances
Cc : Conseil des ministres

www.rezistansdemokratik.com

12/02/2024
22/01/2024

Ariel Henri te gen yon manda ki paka depase 120 jou, pou retabli sekirite ak òganize eleksyon. Li pa fè anyen, paske l te panse san pèp la kap koule sifi pou kenbel sou pouvwa. Pa gen polisye pou kwape bandi men gen polisye pou al touye moun Jeremi pou eseye kraze mouvman an.

Se nan moman detrès yon sosyete ka pibyen deside chanje, si moun k ap soufri yo konprann byenTèks ou pral li la te pibli...
22/01/2024

Se nan moman detrès yon sosyete ka pibyen deside chanje, si moun k ap soufri yo konprann byen

Tèks ou pral li la te pibliye yon premye fwa 18 dawout 2021. Depi lè sa a sityasyon peyi a vin pi mal anpil. Bandi ak zam vyole plizyè santèn fanm; yo kidnape ak touye plizyè milye moun. Peyi a pèdi anplwa pa pil pa pakèt. Pòtoprens vin divize an « territoires perdus ». Pouvwa politik la fè anpil lajan ki pa itil ni pou bay sekirite, ni pou ranje wout, lopital oubyen bay sèvis sosyal ki pi piti yo. Ayiti pa kapab ankò, pèp la pap kapab ankò. Peyi a bezwen yon revolisyon tout bon vre. Premye etap la se retire Aryèl Anry, ki pa ni legal ni lejitim enpi ki panse mete yon diktati nan figi moun la a. Men sa pap sifi. Si se sa sèlman ki fèt, se tankou anyen pat fèt.

Nou ka chanje sa. Nou dwe chanje sa. Ou ka chanje sa.

Paske w se moun, ou gen konsyans de eta w. W ap mande tèt ou ki moun ki responsab sitiyasyon w ap viv la. Kòm ou pa gen mwayen pou w fè yon refleksyon pi pouse, ou pran premye eksplikasyon yo ba w la. Sak pi fasil la. Si zafè w pa bon, se leta ki reskonsab.

Kòm leta a abstrè, ou pa ka wè li, ou blije mete yon vizaj sou li. Leta a vin parèt nan zye w tankou moun kap sèvi li yo: Prezidan, minis, direktè, senatè, depite ak majistra. Sa vle di leta egal moun kap sèvi leta yo.

Kòm se leta ki reskonsab sitiyasyon mizè, chomaj inakseptab wap viv la, kòm ou pap ka rankontre leta menw kab wè bò lakay ou oubyen nan televizyon moun kap sèvi leta yo, ou oblije rayi moun sa yo ak tout fòs. Mèt sistèm nan envesti pou yo ka di w menm se moun kap sèvi leta pou w rayi paske se yo ki leta a. Ou kwè nan sa, paske w se moun entelijan. Si yon sèl jou w te konprann moun sa yo pa leta, sistèm peze s***e a tap gentan demantibile deja.

Men ki verite yo pap janm di w:

Leta a se pa moun ou wè kap sèvi leta, pafwa ki gen machin ofisyel ak sirèn, kap fè w kanpe sou kote ba yo pase, kap siyen papye pou w. Pifò nan moun sa yo, se moun manman yo ak papa yo sanble ak manman w epi papaw. Se moun yo ki fofile antre nan leta, avek oubyen san konsantmanw, pou vini fè yon ti degaje, oubyen moun yo mete la pou sèvi sistèm peze s***e a. Se lèt yo vin bwè, yo pa vin konte tibèf. Yo fè sa mèt leta a mande yo fè. Yo pap al pran chans fè mèt leta a fache, paske si mèt leta a fache, l ap fè sal non yo nan radyo, revoke yo, kidnape yo oubyen asasinen yo. Sa vle di ou menm tou lè w rive nan plas moun sa yo ( e m konnen anpil nan nou ap batay pou sa), kòm moun entelijan w pral fè ekzakteman sa mèt leta a mande w fè, paske w renmen la vi w. Lè sa a, lòt jèn ki nan chomaj pral idantifye w ak leta a tou, yap rayi w pou mouri menm si w pa fè yo (nan tèt pa w) an yen, menm si w pa janm rankontre yo menm yon sèl fwa nan vi w.
Ou fache anpil paske leta pa kreye job pou w, ki fè w nan chomaj. Estrikti sèvo w pa pèmèt ou konprann sou katye bò lakay ou, sou 100 jèn ki nan chomaj, si gen 10 ladan yo ki gen kilti ak lide atreprann, yo chak te ka kreye 10 anplwa, si yo tap jwenn lajan prete labank. Lè sa a, ou patap gen 100 chomè nan katye lakay ou. Okontrè w tap manke 10 moun pou travay. Ou tap oblije ale chèche yo yon lòt kote. Ou patap kè de moun kap travay nan yon leta ki peye lèl vle.
Ou pa kontan paske w pa gen wout, kouran, dlo, bon lopital ak bon lekòl. Ou gen rezon. Men yo pa diw pou leta bay popilasyon an sèvis sa yo, li bezwen lajan. Men pou leta gen lajan, li bezwen antrepriz kap kreye richès. Pou gen antrepriz kap kreye richès, fòk gen antreprenè. Pou gen antreprenè, fòk bank dakò pran risk pou prete moun ki vle antreprann lajan. Se konsa peyi soti nan povrete, se konsa pèp soti nan povrete.
Ou vekse paske tout pwodwi monte tèt nèg. Pèsonn pa diw gen pwodwi kap toujou tèt nèg tanke se yon tigwoup moun ki refize pwodwi nan peyi a, ki antann yo pou monte pri pwodwi enpòte. Yo pa diw depi pa gen konpetisyon, depi gen konkirans delwayal se konsomatè a, sa vle di oumenm kap peye konsekans la.
Goudougoudou pase, pèp soufri, peyi a soufri paske gen anpil kay ki kraze tchwe moun. Kay yo mal konstwi, leta gen responsabilite nan sa. Men eske yo di w moun ki gen monopòl enpòte materyo konstriksyon yo, chwazi vann an Ayiti materyo move kalite (takou fè, tòl ak siman), sa lakòz kay pabyen reziste lè tè tranble. Kounye a espri senp ap kouri di se pa fòt pesonn, se fòt leta. Ki moun ki sonje non Guiteau Toussaint ak Robert Marcello? Sete de ayisyen konsekan ki tap eseye fè leta fè sal dwe fè, yo chak nan domèn pa yo. Jodia yo pyès pala ankò, pagen anpil moun ki sonje yo. L’enquête se poursuit. Nan fòm ni, asasina Guiteau Toussaint sanble kou dlo kòk ak asasina Jovenel Moïse la.
Si nou konprann epi aksepte reyalite sa a, nap ka koumanse poze vrè baz chanjman an. Si nou okipe vye politisyen ki bezwen fè retire kòw poum mete pam, nan kèk mwa yon lòt gwoup ap chase yo tou, oubyen mèt sistèm nan ap mete yo atè, touye yo si yo pa fidèl, nap koutinye fè menm bagay la jiskaske nou kwè se Ayiti ki modi jan kèk etranje vle fè kwèl. Ayiti pa modi, se yon sistèm ki moute pou sèvi yon ti gwoup moun sou baz koulè po, kont eneterè tout ayisyen.

Renald Luberice

18 dawout 2021

Tèks ou pral li la te pibliye yon premye fwa 18 dawout 2021. Depi lè sa a sityasyon peyi a vin pi mal anpil. Bandi ak zam vyole plizyè santèn fanm; yo kidnape ak touye plizyè milye moun. Peyi a pèd…

12/01/2024

Pouw swiv chanel What'sapp la klike la a

Ce matin, j'ai été invité par Manuel Yves
21/12/2023

Ce matin, j'ai été invité par Manuel Yves

L'ex SG du Palais national sous la présidence de Jovnel Moïse ne vas pas par quatre chemins pour imputer la responsabilité de la dégradation de la crise multiforme que traverse le pays au premier ministre Ariel Henry. Rénald Lubérice était l'invité Yves Manuel de Scoop FM. Nous vous proposon...

26/11/2023

Pou konprann kijan sistèm medyatik la te patisipe nan detwi Jovenel Moise, swiv ekzanp sa a: fè twit pou di Jij d enstriksyon envite mwen. Li bay dat ak menm rezilta odisyon an. Li poko janm mandem eske m te resevwa envitasyon, ni li pa pibliye envitasyon an.

Yon pakèt lòt medya reprann enfòmasyon Métronome nan, san yo pa gen desans, swa pou bal kredi a swa pou fè pwòp verifikasyon pa yo pou asire yo de verasite fè yo avan yo andose yo. Sa vle di li fasil pou releye nenpòt fo nouvel ke tout moun ap pran pou verite paske laprès bay li.

Menm si te gen envitasyon, nan konteks ensekirite jeneralize sa a, anonse alavans ki dat yon jij t ap tande yon moun se mete sekirite moun nan ak ankèt la an danje.

Adresse

Batche/Roy-Sec
Belladère

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00

Téléphone

+50943947833

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque La Ferme de Roy-Sec publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager