Notre histoire
Nou kreye aktivite sa se poun ka ankouraje moun yo nan peyi an manje sa ki pwodui lakay yo. Paske nan manje enpote nou manje yon pakèt bagay nou pa menm konnen menm. Konnya tout jenn timoun yo ap fè yon pakèt maladi ke granmoun ansyen nou yo pat janm konn genyen paske yo te konn manje manje ki soti nan jaden yo. Alos m panse si nou retounen ak pwatik sa yo gen yon pakèt maladi nou ka evite. Lè nou manje labapen, lam veritab, bwè ji kowosol, ji kachiman se yon DIVIDAL pwodui ki soti nan tè an san yo pagen okenn pwodui chimik nan yo. Olye nou leve maten nou manje Corn Flakes ak lèt, yon asyèt fwi ap plis itil nou ke sa. Melon dlo dous, zabriko, mango, papay, zoranj tout bagay sa se pou nou ka viv an sante. LPL.SA se solisyon an!!!!