26/08/2026
Moun Kenskòf, jodi a nou pataje pa sèlman foto, men nou pataje yon reyalite difisil.
Dèyè chak imaj gen moun vivan, fanmi ki pèdi tout sa yo te bati, jèn ki toujou kenbe tèt wo malgre doulè, granmoun k ap eseye bay fòs pou lòt yo.
Menm lè moman yo lou konsa, espwa ka rete limyè ki gide nou.
Se pou nou kenbe youn lòt nan solidarite, pataje lanmou ak konpasyon epi sonje menm nan mitan lapenn gen plas pou lespwa leve ankò.
Kenbe fò. Nou avè nou.