Festival Soulouquois

Itinéraire

Festival Soulouquois Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Festival Soulouquois, Épicerie, Petit Goâve.

Tris nouvèl Frè Nou zanmi Nou sa se eritaj ou
26/10/2026

Tris nouvèl
Frè Nou zanmi Nou sa se eritaj ou

👑✨ KONKOU RÈN KREYÒL 2026 ✨👑Chokreyòl ap tann ou! 🇭🇹❤️Ou menm ki konnen yon jèn fi ki gen talan, ki renmen kilti ayisyen...
24/10/2026

👑✨ KONKOU RÈN KREYÒL 2026 ✨👑

Chokreyòl ap tann ou! 🇭🇹❤️

Ou menm ki konnen yon jèn fi ki gen talan, ki renmen kilti ayisyen an, ki pale Kreyòl byen epi ki reve pote kouwòn Rèn Kreyòl 2026 la, pa kite opòtinite sa a pase!

PASE ENSKRI KOUNYE A!

Vini montre talan ou, fè kilti nou briye epi ekri non ou nan listwa premye edisyon Konkou Rèn Kreyòl la nan Tigwav.

👑 Yon sèl vizyon • Yon sèl jenès • Yon sèl Chokreyòl pou yon lòt Ayiti! 🇭🇹

23/07/2026

PLAJ LAKAY TIGWAV: Yon rèv ki soti lwen, yon vizyon k ap tounen reyalite
Gen kèk rèv ki pa fèt nan yon sèl jou. Gen rèv ki mande pasyans, sakrifis, inyon ak anpil lanmou pou kominote a. Se konsa istwa Plaj Lakay Tigwav te kòmanse.
Depi mwa Jiyè, Komite Plaj Lakay te kòmanse travay an silans pou prepare yon espas ki t ap vin tounen yon kote rasanbleman, lwazi, kilti ak devlopman pou Tigwav ak tout rejyon an. Apre anpil efò, nan dat 5 Desanm, nou te fè premye gwo pa a lè nou te lanse pwojè Plaj Lakay.
Depi lè sa a, nou pa janm sispann kreye opòtinite pou kominote a. 14 Fevriye, nou te òganize premye Sware Romantik la, yon aktivite ki te rasanble moun ki soti nan plizyè vil pou vin pase yon bèl moman ansanm.
Apre sa, nou te lanse premye edisyon Fwa Gastronomik la soti 1ye rive 3 Me, kote nou te mete manje lokal, kilti ak pwodiksyon peyi a an valè. Nan 18 Me, nou te òganize yon gwo aktivite patriyotik anba tèm "Anba Drapo M", ki te rasanble anpil moun pou selebre fyète nasyonal nou.
Nou te kontinye ak Festi Koulè, epi jodi a, nou fyè dèske n ap lanse 5yèm edisyon Festi Rasta, yon gwo evènman ki rasanble kominote rasta a pou fè konnen vrè sans mouvman an, ankouraje respè, lanmou, lapè ak richès kilti nou.
Sa ki pi bèl la se ke tout gwo aktivite sa yo fèt anvan menm ouvèti ofisyèl Plaj Lakay. Sa montre vizyon an deja ap pote rezilta.
Kounye a, n ap envite tout moun prepare yo pou 16 Dawout, dat Inogirasyon Ofisyèl Plaj Lakay Tigwav. Depi 1ye rive 16 Dawout, n ap viv yon seri aktivite ekstraòdinè: animasyon, konkou, mizik, espò, kilti ak anpil lòt sipriz.
Nou di yon gwo mèsi ak tout moun ki kwè nan pwojè sa a: tout sipòtè yo, tout manm komite a, tout estaf la, tout machann ak antreprenè ki chwazi grandi ansanm ak Plaj Lakay. Se gras ak nou rèv sa a ap kontinye pran fòs chak jou.
Nou envite tout moun vin dekouvri espas la. Plaj Lakay ouvri 24 sou 24, pou tout moun ki vle pran plezi, detann yo, pase bon moman ak fanmi ak zanmi, oswa sipòte devlopman kominote nou an.
Plaj Lakay pa sèlman yon plaj. Se yon senbòl devlopman, yon espas pou kilti, yon opòtinite pou ekonomi lokal la, epi yon sous fyète pou Tigwav ak tout rejyon an.
Kontinye swiv nou sou tout platfòm nou yo pou pa rate okenn aktivite.
Nou renmen nou anpil. Plaj Lakay se lakay ou. Vin viv eksperyans la avèk nou!
Tèks Max Betheart Lindor PDG

10/05/2026




Adresse

Petit Goâve

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Festival Soulouquois publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Catégorie